Pwoteksyon Bò Lanmè

Chanjman klimatik lakoz gwo chanjman nan kominote kotyè yo an Ayiti yo.
Èske w pare pou rakonte istwa sa yo?

Kou sou rezilyans kotyè pou jounalis


Kou sa se pou w ou si w se yon pwofesyonèl medya kap travay an Ayiti, w ap ka aprann anpil bagay sou chanjman klimatik, rezilyans bò lanmè, adaptasyon ak menas kominote yo ap fè fas a. Kou a gratis e li pap dire anpil tan.

Kou a ap demare 15 janvye 2023

Aplike kounye a

7 MODIL


  • Chanjman nan zòn kotyè yo


    Ki chanjman nou obsève nan zòn kotyè yo nan mond lan e kòman aktivite nou yo pwovoke chanjman sa yo?
  • Rezilyans


    Zòn kotyè yo, sa nou rele ekosistèm kotyè yo, gen kapasite pou yo adapte yo ak chanjman ki fèt nan anviwonman. Kisa lòm kapab aprann de sa?
  • Ayiti,yon ti zile an devlopman


    Kou sa a gen pou objektif pou fè jounalis yo konnen kisa ti zile an devlopman yo ye, answit mete aksan sou karakteristik Ayiti kòm yon ti zile an devlopman.
  • Prezantasyon Zòn marin pwoteje yo


    Fòmasyon sa a gen pou objektif pou eksplike jounalis yo kisa zòn maren pwoteje yo ye. Ki wòl yo an Ayiti ak lòt kote.
  • Jesyon risk ak dezas nan zòn kotyè yo


    Fòmasyon sa a vize prezante gwo menas ki pandje sou tèt popilasyon nan zòn kotyè yo. Nan fen kou a, jounalis yo pral kapab detèmine konsekans chanjman klimatik la sou zòn kotyè yo.
  • Moun yo kapab aprann viv ak risk yo?


    Kijan adaptasyon ak chanjman kliamtik posib nan sans? Se kesyon sa yo modil sa pral reponn.
  • Lapèch responsab nan zòn kotyè yo


    Kou sa a gen pou objektif pou montre kouman lapèch kapab mache men nan men ak pwoteksyon zòn kotyè yo.
Syans
chanjman klimatik
Entèvyou eksklizif
ak ekspè
Nap mete disponib
pou w pwodiksyon grafik, materyèl rechèch, nap ba w
konsèy
sou fason ou ka reyalize istwa sou kominote w

Pou plis enfòmasyon


haiticlimatmag@gmail.com

+509 3861 3646